samedi 8 mars 2025

Fanm, ki dwa w?

Fanm, ki dwa w?

Se pa di yo di w ou s on fanm?
Se pa wè ou wè sa yo di w sanble sa?
Se pa tande ou tande ou ka di sesi ou ka di sela?
Se pa di yo di w kijan ou dwe aji?
Ti fi "ou paka ri konsa", "dekwaze pye w", "dekwaze bra w"
Se pa di moun di w kijan ou dwe panse, ki rad ou dwe mete, kilè pou w soti, kilè pou w antre?
Selon konpreyanson m, lasosyete mete on pakèt baraj, 
on pakèt fo prensip ki sanble sèlman pou fanm.
Si nou pran tan n pou swiv yo, tout maladi ka monte sou nou, menm ata laraj.
Ou viv selon yo, w ap pase    mal , ou viv selon ou menm, y ap kritike w.
Ou di sa k nan lespri w, yo di w pe. Men si ou pa pale.. hmm!


Jounen 8 mas sa a, yon jounen pou dwa entènasyonal fanm.

Fanm tankou m yo, ki dwa w? 

Aucun commentaire:

Publier un commentaire

Une soirée de découvertes

Cela faisait longtemps que je n'étais pas sortie. Avec l'été arrivé, j'avais une panoplie d'options à choisir. D...