vendredi 28 mars 2025

"Enkantasyon": Yon rityèl mizikal

Nou te okouran? Nou tande l?




Imaj mwen pran nan paj IG atis la





Riva Nyri Précil lage on pwojè lot jou nan semèn sa a. Li frape fò ak dènye albòm li a, Enkantasyon, yon vwayaj mistik kote chak mizik sanble tankou yon rityèl. Son li louvè lespri w, li mennen w nan yon espas kote w pa jis tande mizik la, men w viv li. Rasanble se youn nan mizik ki frape m pi fon: li pote yon mesaj inifikasyon ak son ki fè w santi w nan mitan yon seremoni. 

Tout moun jwenn mizik pa yo

Pwojè a gen mizik pou tout moun, selon mwen, tout moun jwenn. Si yon DJ byen jwe ak mikse li yo, nou ka tann Rasanble antre nan playlist yo. Men si se pou mete dife, Erzili FredaGede 2.0, ak Simbi ka fè moun leve danse san pwoblèm. Nan Domi se yon bijou pou fanatik konpa yo. Nouvo kolaborasyon li ak Steves J. Bryan fè zorèy mwen plezi tou. Sa fè kèk moman nou pa tande l rap; Lions l yo ka kontan. Epi chak fwa yo mete vibe yo ansanm, yo livre bèl travay. 

Mwen swete pwojè sa a rive gen menm enpak ak Perle de Culture, e menm ale pi lwen! Sèl kritik mwen genyen, se ke m ta renmen plis mizik e kèk ki pi long pou nou pwofite son yo pi plis.

Mizik rasin, plis pase yon senp ritm

Moun ki konnen m konnen mwen pa mize ak mizik rasin mwen an. San ke m pa vodouyizant, mwen kwè nan son tanbou, nan son banbou, sila chacha ak graj lakay mwen an. Tout moun ki konnen m ka konfime mwen pa negosye ni rara ni mizik rasin mwen. Premye kou dans tradiszyonèl mwen pran te kay Sant Tousen an. Sete yon èksperyans mwen fè pou m te dekonstwi ide ke mizik rasin otomatikman asosye ak vodou. Mwen wè l kòm yon eleman nan kilti Ayisyèn la. Se pou sa lè Laura Beaubrun te fè atelye l ete pase a, mwen te la. S on fason pou eksprime tèt ou nan sans son yo reponn sou ou.

Raboday ak rasin—yon maryaj ki ta dwe ale pi lwen

Sa k pi kapte atansyon m se entegrasyon raboday nan kèk mizik yo. Sèt, nou konnen raboday genyen yon baz rasin la dan l, men mwen santi sa fè kèk tan mwen pa jwenn sa m ka rele "ansyen raboday la". Mizik Ban m Pase AndyBeatz fè yo ak jan T-Ansyto lage nan Kale Pwa ò 2 Gouden. Mwen se on fanatik de stil sa. Mwen twouve sa domaj vin genyen on ralantisman sou pwodiksyon l. Lè m sonje ant 2016 ak 2022, pat ka genyen yon pwogram ki fèt san yon mizik raboday pa pase. Jodi a, se mizik sa yo ke etranje yo ap tande a. M espere beat maker yo pral marye son yo anko. 

Si w renmen vibe mistik ak rasin Riva a, ou ka rejwenn ou nan mizik Melissa Laveaux, Paul Beaubrun, ò sila BIC Tizon Dife. Yo chak gen yon fason inik pou melanje tradisyon ak son modèn, bay mizik yo yon dimansyon ki depase senp ritm; yo bay yon eksperyans. Mwen konprann totalman pouki tit albom lan se enkantasyon, li rele w, li anvoute w.

Nou rete konèkte epi n ap tann pwochen bèl pwojè ki va kontinye leve vibrasyon mizik ayisyèn pi wò! 

Ou panse gen lòt atis ki merite mansyon tou? Ki mizik sou Enkantasyon ki rejwenn ou? 


Aucun commentaire:

Publier un commentaire

Une soirée de découvertes

Cela faisait longtemps que je n'étais pas sortie. Avec l'été arrivé, j'avais une panoplie d'options à choisir. D...