Dènye fim ayisyen ki soti a, “ Kidnapping Inc.”, se yon reyalizasyon Bruno Mourral fè. Li disponib kounye a nan sinema Moreyal yo. Mwen menm, mwen te chwazi gade l nan vèsyon orijinal li, an kreyòl ayisyen, epi depi lè sa, panse m ap vole nan tout direksyon.
![]() |
| Imaj sa tire nan paj IG fim lan |
Premye bagay ki frape m, se lefèt ke fim nan te filme nèt sou zile a. Chak sèn respire esans peyi a. Nan premye moman yo, fim nan plen ak imè, tèlman fò ke w bliye gravite sijè a. Men, pandan minit yo ap pase, tankou yon aranji k ap tise twal li, istwa a revele ti pa ti pa tris reyalite Ayiti a. Fim sa a gen plizyè dimansyon, men mwen vle mete aksan sou twa aspè prensipal.
Premye aspè a, se dinamik ki egziste ant diferan klas sosyal yo. Ant nèg, milat, blan ak etranje, tansyon an toujou prezan. Gen youn ki santi l siperyè, yon lòt ki egri paske li vle viv anpè lakay li, epi gen sa ki pa wè anyen lòt ke enterè pèsonèl li, menm si sa mande pou l sakrifye vwazen l.
Dezyèm aspè a montre kijan enstabilite a souvan itilize pou benefis yon ti minorite. Kidnapin la pa yon fenomèn kache; li tounen yon veritab endistri, kote mèt yo rete envizib pou popilasyon an. Malerezman, endistri sa a gen anpil anplwaye, pami yo, moun ki byen plase nan sosyete ayisyèn nan. Tankou nan epòk Tonton Makout yo, fòk ou toujou sou gad ou, paske ou pa janm konnen si vwazen w enplike ladan l.
Finalman, li enposib pou m pa mete aksan sou pèfòmans eksepsyonèl Gessica Généus nan wòl Laura a. Chak sèn li parèt ladan tradwi reyalite fanm ayisyèn yo ap viv nan zile Ispanyola a. Yo pa sispan n derespè l, men paske l ansent, gen yon ti konpasyon ki manifeste pou li. Men, Laura rete tèt frèt. Li enpoze tèt li ak otorite tipik fanm ayisyèn lan: lespri l viv, je l kale, epi li toujou pare pou pwoteje fanmi l, kèlkeswa pri a.
Mwen leve nan epòk kote anpil fim Ayisyen t ap soti, fim tankou "Alelouya" ak "I love you Anne" te vreman popilè. Mwen toujou te di tèt mwen li ta bèl yon lè pou se nan sal sinema pou m al gad yon fim. Plizyè deseni pase, men sa fèt, sa vle di g on pwogresyon nan domèn sa. Nou s on pèp ki ka fè anpil avèk de gouden e nan tout sa n fè, nou reprezante peyi a nan tout sans, pozitif kou negatif. "Kidnapping Inc." pa fè èksepsyon de sa. Li pase pran tout aspè, lanmou nou genyen pou foutbòl, kijan enstabilite peyi a anpeche moun viv, e menm nan koze moun ap kite Ayiti sou bato. On solisyon dezespere pou yon moun al chache lavi lòtbò. Sa fè m panse konbyen moun ki pran ris sa san ankenn moun pa konn si yo monte o si yo desann. Mwen konsèye n al gad fim sa. Si w Etazini, ou ka gade l sou Amazon Prime e si w Moreyal, ou ka al gade l an kreyòl nan sal Cineplex Quartier Odeon pou semèn sa a rive 28 fevriye 2025.

Aucun commentaire:
Publier un commentaire